Space el humo

kisam fè?

Space el humo
kisam fè?

45 Plays

27 Jul 2020

mwen prè pou peye pri sa'm fè, mwen prè pou bay lavim poum jwenn, lapè olye m'ap viv avèk yon stres ke pyès doktè pa ka geri ke menm us pa ka fèm ri pou lajounen tankou lannwit pou m' ap reflechi kisa'm fè mwen santi lavi'm se yon lanfè, paralèlman ak vi machiavelli pou lèl midi pou mwen l'minwi pou pansem kabann mwen dòmi pou dan'm griyen poutan m'pap ri pou map mache tankou zonbi, nan zye vwazinaj ki pafè yon santiman pou lachè, lòt la santiman pou lespri yon anbisyon pou mwen jwenn fèy ak plim pou vim nan ekri pou bonè mwen se lem pa gen lajan poum chaje ènmi pou desten mwen se bay lanmou nan yon mond plen ipokrizi kilè map konnen ki sam fè eske lè misyon m fini oubyen lèm rich lèm chaje bon zanmi lèm nan yon lòt vi kom lavi pa gen komansman sa vle di li enfini yon jou tristès mwen te komanse yon jou li gen poul fini lèm sispann konfye nan zanmi avek nan kris ki pap vini lèm sispann renmen, lèm rayi tankou tout lidè ki pafè.

1 Comments

Leave a comment

4 years ago

You may also like